Sa Pou Nou Konnen Sou COVID-19
- Mel
- Mar 18, 2020
- 1 min read
Updated: Mar 20, 2020
Avèk tout enfòmasyon tèt chaje yo k'ap sikile sou rezo yo, sou gwoup WhatsApp yo ak sou Facebook, sitiyasyon Nouvo Viris Korona 2019 la vin kreye plis panik toujou. Se pou sa mwen te deside kreye yon gid ak anpil enfòmasyon sou kisa COVID-19 la ye, kisa nou ka fè pou nou pwoteje tèt nou e anpil lòt bagay toujou.
Si ou vle gen gid sa a gratis, klike sou imaj sa a.
Kesyon/Repons sou COVID-19
KIJAN LI PWOPAJE?
COVID-19 pwopaje lè yon moun ki gen viris la touse oswa estènye. Moun ki bò kote l yo ki pa gen viris la ka atrap li lè gout ki soti nan bouch oswa nan nen malad la rive rantre nan bouch, nen oswa je yo. Menm gout sa yo ka rete sou lòt sifas tankou tab, gode, elatriye.
KI STATISTIK NOU GENYEN?
Nan peyi Lachin, sou 100 moun ki malad, anviwon 4 mouri. Pou Itali, sou 100 moun malad, anviwon 8 mouri (enfòmasyon ki soti mwa mas 2020). Yo estime sou chak 6 moun ki pran nan COVID-19, yon ka sou 6 kapab rive grav. Anviwon 80% moun ki pran nan COVID-19 vin byen apre.
KI KOTE NOU JWENN ENFÒMASYON SA YO?
Òganizasyon mondyal lasante: https://www.who.int/news-room/q-a-detail/q-a-coronaviruses
Ministè Sante Ayiti: https://mspp.gouv.ht/newsite/
Legliz Angletè: https://www.churchofengland.org/more/media-centre/coronavirus-covid-19-guidance-churches
Inivèsite John Hopkins: https://coronavirus.jhu.edu/map.html
Pou plis enfòmasyon toujou, ale pran gid pa w la gratis. Pataje li sou rezo pa w la epi, ann aprann pwoteje tèt nou ak kominote nou kont COVID-19!
Comentarios